grangou klowoks la / lavi cheya / agrikilti ya..

< Previous | Home | Next >

Ekselans Ti Rene pa nouwan !!
Map fe tout jefo m pou m pale POLITIK jounen jodiya.

Mwen piti pale SELMAN de " GRANGOU KLOWOKS LA AK LAVI CHEYA "

Prezidan Preval nou pa bezwen pase pa 4 chimen.

Chakjou rele jou wap dil zot ap di l men nou pa janm pran mezi REYEL pou nou jwen solisyon pwoblem lan.
C'est la voix d'un ancien de la vieille garde qui Vous parle, Mr. le President, Si REYELTEMAN ou vle paret kom le REGENERATEUR de l'AGRICULTURE de notre PAYS, par voie de consequence combattre le " GRANGOU KLOWOKS ", vous n'avez qu'une seule solution, d'apres moi: REVALORISER LE DAMIENS DE JADIS, AVEC SES DEUX AILES.

Sa vle di tou senpleman, RETOURNER L'ENSEIGNEMENT RURAL a son BERCAIL avec toutes ses composantes: DIVISION DEVELOPPEMENT RURAL / ANIMATION RURALE / ECOLE NORMALE RURALE DE DAMIENS / ARTISANAT RURAL /ILOTS DE DEVELOPPEMENT RURAL etc...

Raple ou sa Ti Renne, nantan lontan Damiens te prepare teknisyen yan: Pwofese lekol Riral la - Aide Agronom nan - Tecknisyen Agrikol la - Agronom nan, li VOYE YO bail peyizan pou travay ak yo, ankadreyo, bayo konsey, fe yofabrike angre ki pa koute menm yon peni wouj(i.e) KOMPOS, paske se vye deche ke yotap jete ke yo itilize anko pou yo fe plis kob. E li pi bon. Paske angre chimik la se selman 10% osnon 20% ki bon ladann rest sab la ou sel la pral gate teya.
Prezidan Preval, raple bon vye tan sa Yon Pwofese Anseyiman Riral sete yon touch atou li te ye e li te toujan an konkak sere ak peyizan an .Li te Agronom, Dokte, Ofisye Letasivil, jij, etc...

Peyizan an te toujou fel konfiyans, paske yo te toujou jwen li kom referans nan nenpot bagay, paske li te toujou la ap viv ojoulejou ak li.
Yon lot kote, Pezidan, sonje tout bel jaden Egsperimantasyon menm Agronom nan nan te toujou bezwen fe, se nan Fem lekol la li te toujou reyini kominote ya pou fe pase mesaj li poteya.

Sak pi red ti elev lekol riral la ap jwen ti sache semans pou l al fe egsperiyans pali lalay.

Nanpwen bagay ki fe ganmoun yo kontan konsa epi yal fe egspllwatasyon nan gran jaden pou fe plis gwo lajan.

Mande m ma vadi ou kouman moun nan zon KALABA nan Lakaye te vin renmen plante tonmat " tijoslin n " koumanse nan lane 1963,1964, etc...

Frape pye ate bo w, mande Minis Lagrikiltiya pou li retounen ak men m Depatman Lagrikilti ane 50, 60 yo etc...Mande Ministe Levasyon Nansyonal la voye Anseyman Riral retounen nan plas li Damiens avek men m " ORGRAMME "li, pou l a reprann plas li bo kote peyizan, Mwen rete PERSUADE, pou ou felisite m pou konsey sa yo.
Tande Prezidan.

se yon ansiyen Direkte lekol riral, petri nan moul Damiens kap pale ak ou jodiya.

OU pa fe yon lide ke, pi souvan kelkeswa pwoblem mwen te konn rankontre nan kominote mwen te kon travay yo, mwen bayo solisyon ak yon piyes teyatral mwen kompoze sou pwoblem kap minen kominote ya epi bagay chanje.

Si ou vle tande plis, rele m, na koze.
Nan Non ZANZET YO, chapo ba pou.

anne54laborieux at optonline.net

Pierre Delano Guerrier, April 16 2008, 6:57 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >