Konpliman Prezidan Preval

< Previous | Home | Next >

Ekselans Prezidan Rene Garcia Preval,

Nan Non Jezi ki sove nou, m ap salye w!

M ap prezante w tout felisitasyon m nan moman sa a.

Ou rete e demere yon Gwo Neg nan Listwa Peyi D'Ayiti.

Ou se sel Prezidan ki, depi apre diktati Divalye, akonpli yon manda senkan (5 ans) san manke yon jou. Ou sel "Homme Politique" ki onet ak Pep Ayisyen an.

Ou se youn nan Leader konsekan Ayiti janmen konnen depi 1957.

Ou se sel Prezidan ki gen kouraj pou bay pep la verite malgre verite sa a difisil pou di. Mwen fe w konpliman paske ou pa janm pale anpil ni ou pa pwomet pep sa ou konnen ou pa ka reyalize.

Jan tout moun ka remake, ou pat janm gen foli Prezidan.

M ap di w yon verite: Peyi a telman te malad le ou pran dezyem manda sa a, menm si gouvenman w nan travay anpil, akoz jan sitiyasyon yo te kritik, fok pep la fe bon analiz pou l ka konprann gwo travay ou deja reyalize.

Pa okipe okenn lot politisyen machann peyi k ap voye monte.

Yo pa t ap ka fe pi byen pase w si se yo ki te sou pouvwa a.

Prezidan Preval, se pa figi w m'ap achte ni se pa relasyon m ap chache, men se verite m ap di. Fok pep la aprann apresye moun ki onet.

Apre 1986, konbyen lot moun ou konnen ki pase senkan (5 ans) sou pouvwa nan Peyi D'Ayiti san mank you jou?

Ou se sel neg ki leve gwo defi sa a. Ou se sel Prezidan ki kite pouvwa e ki rete nan peyi l.

Ou se pi gwo Prezidan Peyi D'Ayiti janmen konnen.

Mwen swete w bon kouraj!

Bondye avek ou e li va gide w nan moman difisil yo.

Avek tout senserite,

Samdi 19 Avril 2008

Mwen Pa Vle Non M Site, April 19 2008, 12:21 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >