kanpay elektoral haiti

< Previous | Home | Next >

Click to enlarge

Reply to Msg 7612

Yon Senatè mouri:

Senatè-a tap mache trankilman epi yon machinn vinn frape-l li mouri sou plas.

Misye monte nan Paradi lè li rive li jwen-n Sen Piè kap tann li nan pòt la.

Sen Piè di li:

Bonvini o Paradi, men fòk mwen di-w anvan ke ou antre ke gen yon ti pwoblèm.

Se pa fasil ke nou wè Palemantè bò isit la, ou konpran-n, nou pa konnen sa pou nou fè avèk ou.

Senatè a di mwen pa wè anken-n pwoblèm, annik kite-m antre.

Mwen ta renmen kite-w antre, men mwen resevwa lòd siperiè, se sa chèf mwen yo di-m fè pou-m fè.

Annou eseye fè yon bagay:

Wap pase yon jou nan Lanfè e yon jou nan Paradi, lè saa wap ka chwazi ki kote ou vle pase lavi etènèl ou.

Senatè di:

Mwen pa bezwen fè sa, mwen deja chwazi se nan paradi ke mwen vle rete.

Sen Piè di Senatè:

Wap eskize mwen, men nou gen politik panou pou nou swiv pa bò isit.

Sekonsa ke Sen Piè pwofite pou li akonpaye misye nan elevatè a, misye desan-n, desan-n jiskaseke li rive nan Lanfè.

Lè pòt la louvri Senatè gade li wè yon bèl teren pou jwe Golf.

Li gade li wè yon bèl Klib ak tout zanmi-l yo ansanm ak ansyen politisyen ki te kon-n travay ak li. Yo tout trè kontan avèk bèl rad sou yo. Yo salye misye, yo anbrase misye, yo tout komanse pale de bon moman lontan yo, kote ke yo te konn fè anpil kòb, pou yo te vin-n rich sou do pèp la.

Yo jwe Golf ansanm apre sa yale manje Oma boukannen ak Kaviar.

Yon lòt moun ki te la tou se Dyab la (Janbèt), yon tip trè janti, trè amikal, ki chita pandan tout tan an lap danse, lap bay Blag ak tout moun.

Yo tèlman pran anpil plezi, lè yo bat je yo, tan gentan pase Senatè vin-n gen pou li ale. Tout moun di misye babay, yo anbrase-l, yo kwoke-l e misye remonte elevatè a lale nan Paradi.

Elevatè monte, monte e pòt la louvri, Sen Piè tap tan-n Senatè a.

Kounye-a Senatè ou pral vizite Paradi a.

Senatè a pase 24 èr de tan avek yon ban-n bon moun ki kontan, yap mache de nyaj an nyaj, yap jwe Harp e yap chante.

Bagay tèlman ap mache byen ke tan pase rapidman e jounen an fini.

Sen Piè

Tounen.

Di mwen non Senatè:

Ou pase yon jou nan Lanfè yon jou nan Paradi, kilès ke ou chwazi kom kay etènèl ou?

Senatè ki pa janm panse, fè yon ti reflechi yon ti panse pou yon minit e li repon-n:

Paradi a trè bon, men mwen panse ke map pito Lanfè paske map pi alèz ladan-n.

Sen Piè akonpaye Senatè nan elevatè a, ki desan-n, desan-n, desan-n, jiskaseke li rive nan Lanfè.

Lè pòt la louvri, Senatè-a wè yon vye teren plen fatra.

Li wè tout zanmi-l yo sal ak vye rad sou yo, yap ranmase fatra ke yap mete nan yon sak plastik nwa. Misye sezi, li pa konen sa pou li di, li rete bouch be jiskaseke Dyab la (Janbèt) vin-n rankontre-l, misye pase bra li sou zepòl Senatè-a.

Senatè-a komanse bege li di Dyab la:

Mwen pa konpran-n sak ap pase laa!

Ayè lè mwen te laa te gen teren de Golf, yon bèl Klib, Oma, Kaviar, nou tap danse, nou tap pran plezi nou, kounye-a mwen gade mwen wè ke se la fen di mond ki laa. Mwen wè tout zanmi-m yo an chyen, se fatra, se bagay lèd sèlman ke mwen wè, sak ap pase laa.

Dyab la gade misye li souri ironikman e li di:

Ayè nou te an kanpay elektoral, jodya nou deja jwen-n vòt ou.

Zoe, April 20 2008, 4:42 PM

Topic: Rene Preval speech, Lavi Che Riots, Part 1

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Le President a pris trop de temps pour repondre a l'appel du Peuple. C'est comme s'il n'etait pas concerne. C'etait... read more >
Jocelyn Jean, 16-Apr-08 12:52 am
Yon Senate mouri: Senate-a tap mache trankilman epi yon machinn vinn frape-l li mouri sou plas. Misye monte nan Paradi... read more >
Zoe, 20-Apr-08 4:42 pm
How can you steal the joke that the Lionne Club had on Preval and Aristide and applied it from French to creole to the... read more >
Lionne2, 21-Apr-08 1:57 am
L'enfer de Preval> Campagne Electorale: En vacances sur la plaine de la Marmelade, Rene Preval tombe accidentellement... read more >
Lionne2, 21-Apr-08 3:09 am
On voit bien que vous etes un imbecil. Lisez un peu, si vous pouvez, peut-etre qu'un jour vous aurez l'occasion de... read more >
Jocelyn, 21-May-08 9:32 pm

 

< Previous | Home | Next >