hispaniola national anthems

< Previous | Home | Next >

Quisqueyanos valientes alcemos
nuestro canto con viva emoción
Y del mundo a la faz ostentemos
Nuestro invicto glorioso pendón
Salve el pueblo que intrepido y fuerte
A la guerra a morir se lanzó
Cuando en belico reto de muerte
Sus cadenas de esclavo rompio.

Ningun pueblo ser libre merece
Si es esclavo, indolente y servil,
Si en su pecho la llama no crece
Que templo el heroismo viril.

Mas Quisqueya dla indomita y brava
Siempre altiva la frente alzará,
Que si fuere mil veces esclava
Otras tantas ser libre sabra.

Pou Ayiti peyi Zansèt yo
Se pou-n mache men nan lamen.

Nan mitan-n pa fèt pou gen trèt
Nou fèt pou-n sèl mèt tèt nou.
Annou mache men nan lamen
Pou Ayiti ka vin pi bèl.
Annou, annou, met tèt ansanm
Pou Ayiti onon tout Zansèt yo.
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Se pou-n sekle se pou-n plante.

Se nan tè tout fòs nou chita
Se li-k ba nou manje.

Ann bite tè, ann voye wou
Ak kè kontan, fòk tè a bay.
Sekle, wouze, fanm kou gason
Pou-n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou.
Pou Ayiti ak pou Zansèt yo
Fo nou kapab vanyan gason.

Moun pa fèt pou ret avèk moun
Se sa-k fè tout Manman ak tout Papa
Dwe pou voye Timoun lekòl.
Pou yo aprann, pou yo konnen
Sa Tousen, Desalin, Kristòf, Petyon
Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan.
Pou Ayiti onon Zansèt yo
Ann leve tèt nou gad anlè.

Pou tout moun, mande Granmèt la
Pou-l ba nou pwoteksyon.

Pou move zanj pa detounen-n
Pou-n ka mache nan bon chimen.

Pou libète ka libète
Fòk lajistis blayi sou peyi a.
Nou gon drapo tankou tout Pèp.
Se pou-n renmen-l, mouri pou li.
Se pa kado, blan te fè nou
Se san Zansèt nou yo ki te koule.

Pou nou kenbe drapo nou wo
Se pou-n travay met tèt ansanm.

Pou lòt peyi ka respekte-l
Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.

Will Rosenberg, May 19 2008, 12:28 PM

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >