Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt...

< Previous | Home | Next >

Reply to Msg 9532

Hi TiJas

Mwen tounen ankO sou zafè kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblèm koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.

Si ou chache konnen saki fè Ayiti pOv depi kolon yo te kaze rak, wa konprann tou poukisa mwen mande pou kreye touswit youn sipè ministé pou jere kèsyon povrete a.Tou dabO pate janm genyen volonte saa pou ede moun ki pOv yo pou yo jwenn youn demen miyO.TrOp moun ap kouri dèyè pOs minis, trop moun vle tete nan manmèl Leta pou yo vwayaje tout tan, achte bèl kay ak menm sa yo pa bezwen.Monkonpè Ti Jas si ou konnen tout bon nan ki kondisyon moun bidonvil yo ap viv nan peyi Dayiti ou pata swete lOt bagay ke dirijan yo- en commençant par l' agronome-president- louvri je yo byen gran pou yo kounmanse travay sou dosye saa.
Kote'm chita nan peyi etranje kounnyè a map gade kijan pèp ayisyen an ap debatpou bezwen yo rele bezwen primè,ki vle di: manje, twouve dlo, swaye maladi, voye timoun lékOl.Poukisa youn prezidan ap vwayaje toupatou pou rankontre potanta G7, G8,Bank mondial, chita nan menm tab ak yo, epi apre sa ou pa wè anyen ki regle pou moun pOv yo?

Eske Konpè ti Jas ouka banm youn èsplikasyon?

Mwen fatige ak moun ki paske yo gen youn ti mwayen yap krache sou moun pOv yo. Yo pa konnen ke si pOv yo jwenn travay ak satisfaksyon bezwen èsansyèl yo, se tout sosyete ayisyèn kap vinn pifO e pi rich...

Ou mèt al reflechi sou sa jodiya.

Male

Jean-Marie

Jean-marie Leroy, July 8 2008, 11:44 PM

Topic: Me youn plan devlopman dirab pou Ayiti

Start a NEW topic or,
Jump to previous | Next Topic >

< Previous | Home | Next >

 

Messages in this topic

Lide pou yo ogmante ministe yo, se yon bagay kipa bon ditou le nou konsidere kantite lajan you ministe koute peyi-a... read more >
Ti Jas, 7-Jul-08 11:58 pm
Mesi anpil Ti Jas pou repons ou, paske ou we lOt fason pou konbat LA PAUVRETE.Men nou dwe konprann ke povrete ayisien... read more >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 7:19 am
Hi TiJas Mwen tounen ankO sou zafe kreyasyon lOt srtucture pou jere pwoblem koryas ki chita an Ayiti depi digdantan.Si... read more >
Jean-marie Leroy, 8-Jul-08 11:44 pm
Jean-Marie, Mwen byen kontan li mesaj ou an. Mwen se yon pitit peyzan. M-pa santi mwen alez pou-m idantifie mwen kom... read more >
Ti Jas, 20-Jul-08 4:50 pm
MWEN sanpousan pou ankadreman peyizan yo ak ed teknik.Nou dwe bayo te yo tou pou yo travay - PAS DE PAYSAN SANS TERRE... read more >
Jean-marie Leroy, 30-Jul-08 3:47 pm

 

< Previous | Home | Next >